Bawo Pòdpè : Sekretarya Bawo a fè postilan yo konnen dat konkou pou pwomosyon an

1,116

07 / 20 / 2022

Pòdpè, Ayiti _____ (TRiboLAND) Nan yon nòt ki soti nan Sekretarya Bawo Pòdpè a jounen mèkredi 20 jiyè 2022 a, sekretè a anonse tout postilan yo ke konkou kap pèmèt yo resevwa yon pwomosyon tou nèf pou Lekòl Bawo a ap òganize vandredi kap 22 jiyè 2022 a midi.

Sekretarya raple tout postilan yo, se sèl moun ki swiv de manyè regilyè kou yo nan Lekòl Bawo a, ki reyisi konkou admisyon an ak ki reyisi tès evalyasyon oral la kap kapab prete sèman la lwa mande a pou vini Avoka stajyè, daprè dekrè 29 mas 1979 ki reji fonksyonman pwofesyon Avoka yo.

Comments are closed.