Batonye Lòd Avoka yo nan Pòtoprens, Me Monferrier Dorval mouri krible anba bal lakay li

301

Petyonvil_____(TRiboLAND) yon lòt krim fèt sou yon lòt gwo pèsonalite yèswa vandredi 28 out 2020 an nan Pelerin 5 nan Komin Petyonvil; Me Monferrier Dorval, batonye lòd avoka yo nan Pòtoprens mouri krible anba bal lakay li.

Me Monferrier jwen lanmò li nan moman li te nan paking lakay li ap antre. Toujou, sangwen yo pa arive idantifye kreye gro panik kout zàm nan zòn nan pou fasilite egzekisyon Monferrier. Konsa, li pat pran tan pou moun te sezi wè sou tout  rezo sosyàl yo kò sanvi avoka a kap benyen nan san.

Nan mwens pase 24 èd tan plizyè gro pèsonalite jwen lanmò yo nan menm kondisyon an, kote ke machin enfènal ou lanj lanmò pa sispann mete dlo nan je popilasyon ki pa gen ni leta, ni gouvènman pou ede’l pare kou. Pandan, Leta koupyon an ap fasilite zam antre pa pakèt; pi gro kesyon an, ki moun ki pràl prochen viktim nan, nan prochen èd tan yo?

Comments are closed.