Lajistis: Yon nouvo Batonye eli nan tèt Bawo Pòdpè a.

1,459

Mèt Edler Louimar se non nouvo Batonye ki eli nan tèt Bawo Pòdpè a, jounen vandredi 16 septanm 2022 a.

09-17-2022

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Nan yon eleksyon kite mete anfas 3 kandida pou pòs Batonye lòd nan tèt Bawo Pòdpè a, jounen vandredi 16 septanm 2022 a, Mèt Edler Louimar se non nouvo eli ki pote lamayòl la anfas Mèt Moclès Jn- Baptiste ak Mèt Dumesle Elunes, batonye sòtan an.

Mèt Edler Louimar ranpòte eleksyon yo ak yon ekrazant viktwa 71/122, mèt Dumesle Elunes 33/122 epi genyen mèt Moclès Jean Baptiste ki dènye ak yon total 17/122.

Yon lòt bò KEP a ta pral pwofite òganize eleksyon pou pòs sekretè ak trezorye kote, mèt Gamas ta pral kite plas li pou mèt Rolin ak yon total 63/122 moun ki te vote.


Li enpòtan pou konnen, nan kad fonksyon trezorye a, Mèt Jean Eder- Moreau klase dofis paske’l te sèl epi inik moun kite enskri nan pòs sila.


Comments are closed.