Fidèl katolik 6e seksyon Polen/Lakòn selebre Sen patwon yo “Sen Michèl Akanj”

271

09\30\20

Polen, Pòdpè_____(TRiboLAND) Dat 29 septanm nan,se dat pèleren sòti tout kote pou vin patisipe nan selebrasyon fèt Sen Michèl Akanj, patwon moun 6e seksyon Polen Lakòn, nan Nòdwès.

Nan omeli sikonstans lan, Pè selebran an, Reveran Vilet ki soti nan pawas sakre kèTijo, mande ak fidèl yo rete konfyan nan Bondye; konsa Sen Michèl ap toujou kanpe avèk yo lè yo nan konba.

Joulvens Mulatre, responsab pawas sila, remèsye kòlèg li yo pou èd ak sipò yo, li voye remèsiman bay kèk zanmi tankou: Me Rock Clavaroche, Guy Macena ki deja bay 100 sak siman ak lòt ti tchotcho pou ede konstwi legliz la kap fete anba prela jounen jodi a. Konsa, Pè a felisite konsèy administrasyon 6e seksyon an pou kolaborasyon yo pou reyisit fèt la ane sa a.

Yon lòt bò, Pè a kontinye poul di: “li pa fè politisyen yo konfyans paske yo se yon dal mantè ak eksplwatè. Li enpòtan pou konnen, nou pat remake prezans ajan egzekitif enterimè komen Pòdpè yo nan fèt sila.

Antouka, Jimmy Derisma kòdonatè Kazèk la, pa kontan ditou pou fèt la ki pèdi tout anplè’l. Li lanse yon apèl ak pitit zòn nan kap viv an ayiti kou aletranje kole zepòl yon mannyè non sèlman pou rekonstwi legliz sila men tou rive chanje visaj vil la.

Genson HYPPOLITE

gensonhyppolite@8gmail.com

Comments are closed.