Efondreman yon planche fè blese, kraze plezy e fè dansè sezy

386

09\27\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Yon bon valè moun arive blese yèswa ki te samdi 26 septanm nan Esquina Latina, nan moman group muzikal “Enposib” tap pèfòme.

Enfòmasyon ki arive jwen TRiboLAND fè eta de yon efondreman yon planche ki fèt bwit sou kou nan moman plezi tap vale teren avèk fòmasyon “Enposib” sou wout Frères nan Petyonvil.

Dràm san zatann sa ki konplètman paralyze distraksyon ak defoulman patisipan yo, koz plizyè moun blese e te oblije transpòte nan sal dijans. Selon yon sous bò kote responsab programasyon sware sekwe kò a, pa gen oken moun ki ta mouri.

Comments are closed.