7 fidèl mouri nan yon moske nan zònn solèy leve peyi Nijerya

921

08-13-2023

Kaduna, Nijerya_____(TRiboLAND) 7 fidèl mouri tèt nèg apwè yon bò nan yon moske ki te genyen plizyè santèn moun efondre nan vil Zaria, nan zòn solèy leve peyi Nijerya, nan Eta Kaduna. Selon kèk otorite etatik, divès lòt moun blese nan yon parèy efondreman.

Aksidan an arive fèt pandan plizyè santèn fidèl tap obsève lapriyè apwèmidi vandredi nan moske a, nan sant vil la, se sa rapòtè Konsèy Emirat Zaria a, Abdullahi Kwarbai, fè konnen.

Nan yon premye tan, sekouris yo te arive dekouvwi 4 kò san vi, apwè sa 3 lòt nan fouye anba dekonm, dapwè Kwarbai. Responsab etatik yo ta fè konnen ke moske a te bati depi 1830.

Anplis, genyen apepwè 23 moun ke yo te oblije transpòte lopital, selon Ajans jesyon ijans yo nan Eta Kaduna. Uba Sani, ki se gouvènè Eta Kaduna a, òdone yon ankèt pwese, pwese sou yon parèy dram e pwomèt pou bay viktim yo yon asistans grese sere.

Comments are closed.