Pierre Jean Jacques pa nan tèt seleksyon nasyonal la ankò.

1,337

Nouvèl la tonbe ! Nan fen manda nan tèt seleksyon nasyonal foutbòl, Pierre Jean Jacques pa antrenè Grenadye yo ankò.

Daprè sa jounalis espòtif Radio Ibo a, Kimberly Pierre fè konnen, Pierre Jean Jacques pa nan tèt seleksyon nasyonal la ankò, se Pierre Jean Jacques ki konfime sa ak jounalis la nan yon apèl telefonik.

Lite nome seleksyonè Nasyonal la nan mwa mas 2021 pou yon dire dezan. Federasyon Ayisyèn nan pa renouvle kontra ak antrenè a.

Nap soulinye Pierre Jean Jacques te ranplase Marc Collat aprè’l te fin kalifye Grenadye yo pou Gòlkèp ki tap fèt nan menm ane a.

Pandan pasaj li nan tèt seleksyon ayisyèn nan, Pierre Jean Jacques jwe 19 match li fè 12 viktwa, 6 defèt, ak yon match nil.

Jude-Nelson Guerrier pou TriboLand

Comments are closed.