Eske Jovenel Moise kapab reponn ak egzijans ekolojik peyi a?

291

09\27\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Dega ou degradasyon ekolojik peyi a date prèske yon demi syèk e kontinye ap deteryore anba je tout sitwayen kote vi yo depann de anviwonnman ke yo ap evolye ladanl lan. Konsa, elaborasyon yon program “rebwazman” devni yon pasaj oblije pou tout dirijan leta ki gen nanm ak vizyon. Anplis, anpil katastwòf klimatik Ayiti konnen gen anpil pou wè avèk debwazman nan tout bout kwen pou fè chabon anba je mouche Leta.

Konsa, gouvènman Jovenel Moise la, ta sanble li pa rete inaktif fas ak dràm ekolojik sa kap tape peyi a jis nan zo. Gen bon jan ti efò inapèsi ki fèt pou remanbre ou valorize espas ekolojik la nan jou sa yo (notamman nan zòn Gran Nò peyi a); sepandan li mande anpil bwas ak pèseverans an tèm manajman, ranfòsman enèji renouvlab, konpòtman sitwayen yo anvè anviwonnman yo, ak kanpay sansibilizasyon atravè yon “politik vèt” pou rezilta yo arive fè santi yo. Sa vle di, yon konsyans sitwayèn ki djanm ki pou kapitalize sou bay pyebwa jarèt jiskaske yo grandi ak enplemantasyon yon rekèy lwa ou regilasyon nan zafè debwazman ak rebwazman.

Nan yon seri peyi ki sou men yo; se sèl leta ki gen dwa sou pyebwa, menm lè se ou menm kòm sitwayen ki ede’l grandi e li arive donnen pou ou, pa gen danje! Sepandan, koupe yon pyebwa jan lide’w di’w pou kreye espas pou kontri, fè mèb, kay, ak chabon, pèsòn pa gen otorite sa! Leta dwe prezève espas ekolojik la ak tout sa ki ladan’l; tout sa esplike enpòtans gad forestyè. Genyen peyi ki konsidere yon pyebwa kòm yon byen piblik. Yo prefere achte bwa ou planch endistriyalize nan lòt peyi olye pou yo antre nan yon demach “koupe pyebwa san regilasyon, san sousi pou anviwonnman ke yo ap viv la.

Konsa, jefò yo pa piti! Lap mande yon “volonte manifès” lakay chak pouvwa ki monte nan tèt peyi a pou pran anchaj sèktè sa ki konplètman neglije e ki genyen anpil pou wè avèk katastwòf natirèl ki pa sispan mete dlo nan je nou. Rebwazman se yon kòz ki pa piti e mache ak regilasyon, rekonpans, punisyon ak edikasyon piblik ak patisipasyon. Dayè kòz sa depase kapasite nenpòt ki gouvènman. Li difisil pou nou arive konprann ki sa ki fè nou pa onore “Fete de l’arbre” nan peyi ankò! Se te yon jou kote ke anpil gouvènman te mandate pou moun plante yon pyebwa e ba’l swenyaj jiskaske li pran. Kontrèman ak lakay nou, anpil lòt peyi toujou ap pratike’l; dayè yo ale pi lwen ke sa kote key o bay jou konje chak 6 mwa pou genyen yon konbit nasyonal pou plante pyebwa, ki se lavi!

Kidonk, si chak moun ki moute fè yon ti kal efò sou baz politik vèt, nap fini rezoud yon pakèt lòt problèm. Se yon pwojè manch long. Mete yon seri projè tankou “jèmoplas” ak “sistèm ponpaj solè” ki byen jere ou proteje nan diferan zòn defavorize yo, se fè boujonnen espwa pou yon ekoloji vèt.

Comments are closed.