Vizit supriz nan peyi Dayiti: chanpyon US Open Naomi Osaka

261

09\21\20

Pòtoprens—–(TriboLAND) Aprè yon gwo viktwa nan US Open nan sou Victoria Azarenka, Naomi Osaka asèpte fè yon dezyèm visit nan peyi Dayiti yon lòt fwa ankò.

Jwèz entènasyonal tenis la ki aje 22 lane, te ansanm avèk papa li ki se yon anyisyen, akonpanye manman li ki se yon japonèz san konte yon ekip profesyonèl video prodiksyon fèt e founi ki debake jodi lendi 21 septanm nan, nan ayewopò Toussaint Louverture. Daprè enfòmasyon, yo te pran direksyon Jakmèl abò yon elikoptè.

Jiska prezan dure yon parèy visit bwit sou kou pa devwale; sepandan, daprè sous TRiboLAND yo, viktoryez 2019 Australian Open nan antre nan peyi Dayiti nan kad yon film dokimantè avèk Netflix. Li gen pou li vizite depatman Nò peyi Dayiti notamman Sitadèl Laferyè.

Dènye fwa Osaka te nan premye repiblik nwa ki te kase chènn esklavaj la, se te mwa novanm 2018 aprè ke li te finn bat Serena Williams nan final US Open nan, e sete nan moman sa tou prezidan Jovenel Moise te resevwàl ak anpil onè nan Palè Nasyonal.

Comments are closed.