Etazini bay gouvènman ayisyen an yon bourad ekonomik pou kontinye konbat kowonaviris la

246

Pòtoprens____(TRiboLAND) Agence américaine d’aide au développement (USAID) konfime yon milyon dola èd pou gouvènman ayisyen an nan kad bay jarèt ak ranfòsman efò gouvènman Moise-Jouthe la ki afiche bon jan rezilta nan jerans ak batay kont propagasyon kowonaviris la.

Fon yon milyon sa ki fèt nan non gouvènman ameriken an, pral jere anba lobedyans Lakwa Wouj ki pral enstale yon seri gwo tonton chato dlo ou “estasyon lavaj men” nan espas piblik yo san konte materyèl sanitè kap destine pou koresponn ak Kovid-19 la, daprè sa responsab Lakwa Wouj yo fè sòti nan yon tweet jodi jedi 20 out 2020.

Comments are closed.