Sinyatè ou sipòtè akò 21 out 2020 an deklare kondisyon yo pa favorab pou eleksyon anndan peyi a

293

09\21\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Pandan gouvènman Ameriken menase pou sanksyone tout moun ki ta vle kanpe ankwa devan mouvman ou òganizasyon eleksyon Jovenel Moise yo, komite swivi deklarasyon 21 out 2020 an kenbe pozisyon li djanm e kontinye mande yon tranzisyon politik atravè youn nan Alatèt li yo, Lyonel Trouillot.

Komite swivi deklarasyon 21 out 2020 an, envite tout òganizasyon ki te pase paraf anba yon parèy deklarasyon pou yo miltipliye fòs yo yon fason pou abouti ak yon akò politik ki kapab fasilite yon lòt gouvènman transisyon nan peyi a. Komite a denonse dekrè ki nome nouvo Konsèy tElektoral Provizwa (KEP) a, ki se yon vyolasyon flagrant manman Lwa peyi a.

Komite a deklare yo ap fè bwàs pou elaborasyon yon akò final e raple etranje yo ke dwe genyen yon akò nasyonal pou pou yon solusyon nasyonal.

Nan yon nòt ke li mete deyò jodi 21 septanm 2020 an, komite swivi kit e reyini yon krèy oòganizasyon atravè peyi a deklare, “Pa gen oken eleksyon ki posib ni avèk prezidan Jovenel Moise ni nan kondisyon peyi a trouve’l jodia”.

Comments are closed.