SOS pou lapolis: yon koloni bandi detèmine pou pran kontròl lokalite Makòm

281

09\18\2020

Makòm, Gresye_____(TRiboLAND) Aprè gro leve kanpe pou anpeche yon detounman yon kamyon machandiz nan zòn Gresye, la fanmiy Mondésir nan tèt kole avèk rezidan yo pou anpeche proliferasyon gang, trouve yo ap fè fas ak yon group gang ki gen nan tèt li Olson ki se yon solda Village de Dieu.

Se dezolasyon total kapital! Olson kòmanse ap simen panik e detèmine pou gen kontròl zòn Makòm nan komen Gresye sou pretèks yo touye papa l nan dènye evenman yo ki okazyone plizyè moun mouri e blese pami yo, Mano ak yon ASEK premye seksyon Roche à Bateau.

Anpil moun dezète anba entèvansyon group ame Olson lan. Plizyè rezidan lanse yon SOS pou mande ranfò lapolis yon fason pou kontre kare projè gang yo pou enpoze yon koloni gang nan zòn Makòm, komen Gresye.

Comments are closed.