Bandi sangwen ki lye ak “Viv Ansanm” boule komisarya Gantye a

07 – 21 – 2024
Gantye, Ayiti ______(TRiboLAND) Malgre prezans fòs miltinasyonal la, bandi sangwen koalisyon “Viv Ansanm” kontinye ap simen zak teworis. Konsa, nèg byen ame boule komisarya Gantye a nan lannwit samdi 20 pou leve dimanch 21 jiyè 2024 la. Daprè divès detay se ta baz 400 Mawozo ki fè pati kowalisyon “Viv Ansanm” ki poze aksyon sila.
Enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon TRiboLAND fè kwè gen plizyè moun ki ta mouri nan moman malfwa yo tap atake zòn lan. Enfo yo rapouswiv e sijere eskanmòtè yo tap panse fè dappiyanp sou dwàn rejyonal lan ki se youn nan gwo enfwastrikti Leta genyen nan zòn lan.
Divès moun nan awondisman Kwadèboukè a lanse gwo SOS bò kote dirijan yo, sitou lè yo santi yo lage sou kont bandi sansal ki achte zòn lan lajan kontan.






