Nèg ame sou moto ensandye restoran nouvo Alatèt DCPA a

244

09\17\2020

Pòtoprens___(TRiboLAND) Nouvo Alatèt Direction Centrale de la Police Administrative (DCPA) a ki se komisyonè divizyonè Berson Soljour, ki jwen nominasyon madi 15 septanm 2020 an gentan ap subi gro frap.

Yon group nèg ame ki pa idantifyab sou moto siklèt arive atake e mete dife yè mèkredi 16 septanm 2020 an nan Restaurant L’Évasion ki localize nan Ri Magloire Ambroise nan kapital la ki se propriyetè prive nouvo direktè DCPA a.

Restaurant Motel Night Club biznis la boule kankannen alòske se gras a sèvis Ponpye ki t’ap fè bwàs pou anpeche propagasyon dife a nan antouraj la.

Comments are closed.