Konpayi Sunrise Air Ways anonse repriz vòl li yo nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti nan pòtoprens.

05 – 16 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Konpayi Sunrise Air Ways anonse yap reprann vòl yo apati lendi 20 me 2024 kap vini la a, nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti nan Pòtoprens.
Konpayi Sunrise Air Ways fè konnen, yo te kanpe, se akoz aktivite gang kriminèl yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens, espesyalman nan ayewopò Tousen Louvèti.
Nap raple, se depi 29 fevriye 2024 pase a, responsab konpayi a te anonse sispansyon vòl yo nan Ayewopò Tousen Louvèti a, akoz atak bandi sangwen kriminèl yo ki tap tante poze men sou pis aterisaj la.






