Yon jèn dàm mouri nan lopital Imakile Konsepsyon akoz pri oksijèn: Dirèktè depatmantal sante nan Nòdwès mekontan

393

09\16\2020


Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon pwen de pwès jounen madi 15 septanm 2020 an, Direktè depatmantal sante branch Nòdwès la, Tony Monestime santi’l vekse fas ak lanmò malonèt jèn dam 35 lane a nan lopital Imakile Konsepsyon nan Pòdpè. Pou anpil moun, se yon sitiyasyon revòltant e ki pa ditou imen pou swa dizan moun ki la pou sove lavi ap afiche yon konpòtman sadik devan lavi lòt moun, daprè yon latriye kritik ki tap denonse sèten responsab nan lopital IC a.


“Gras Bondye, gouvènman Jovenel Moise te fè bonjan efò atravè volonte li ak aksyon li, dote depatman an yon enstalasyon pwodiksyon bonbòn oksijèn kip ran ankont bezwen popilasyon an, ki pap bezwen pran wout peripesi pou aprovizyone oksijèn jis nan kapital la,” daprè ò ki tap depoze.

Monestime deklare ke li temwen “volonte gouvènman l’ap sèvi a manifeste nan domèn sante yon mannyè pou okenn kote nan 4 kwen peyi a pa gen moun ki ap fè fas ak pwoblèm oksijèn.

Direktè a yon lòt bò raple piblik la an jeneral, ke te genyen bonjan distribisyon bonbòn oksijèn ke bwat l’ap administre a te efektye atravè diferan enstitisyon sanitè ki genyen nan depatman Nòdwès pami yo ou jwen lopital Imakile Konsepsyon.

Tony Monestime ki li menm estime gouvènman Moise-Jouthe la deja fè travay li sou kesyon oksijèn l’an, kote yo deja enstale nan lopital Beraka nan Lapwent, yon sant inite oksijèn k’ap desèvi tout enstitisyon sanitè yo nan depatman Nòdwès la, yon sèvis ki gratis pou tout moun.

Konsa, direktè a fè konnen ke li mande direktè medikal lopital Imakile Konsepsyon an yon rapò sou ka lanmò jèn dam sila yon fason pou rive pote koreksyon nesesè nan sa ki gen pou wè ak sèvi popilasyon an selon volonte prezidan repiblik la.

Nap raple, popilasyon Nòdwès mekontan anpil fas ak atitid ensansib responsab yo ki arive kite jèn dam nan mouri pou tèt kòb oksijèn nan ki te manke yon ti kras pou’l konplè. Ankò nap raple, gro tranch kòb ki te arive kolekte a, se te efò 2 lòt malad ki te detèmine pou asiste jèn dam nan ki aprè yon ti tan arive mouri pou tèt oksijèn.

Genson HYPPOLITE

gensonhyppolite8@gmail



Comments are closed.