Bandi ak zam kreye gwo laperèz nan Jan Rabèl: yon moun mouri ak yon lòt blese gravman grav

307

09\16\2020

Jan Rabèl_____(TRiboLAND) Nan lannwit dimanch 13 sept 2020 an, bandi ak zàm yo pa rive idantifye touye ak katouch Béliace Clébert, 63 lane nan Guinaudée, 2e Seksyon Kominal Jan Rabèl, depatman Nòdwès, lokalite Loubier.

Bandi sa yo ki te abò motosiklèt e ki t’ap eseye sove poul yo, t ap tire nan tout direksyon kote yo rive blese ak bal yon sitwayen 44 lane ki pote non Louis Bouzi e jounen jodi a k’ap pran swen lopital, selon jij sipleyan Tribinal Depè Jan Rabèl la, Me Dudy Lucner ki t’al fè konsta legal yo. Anba lòd Me Luckner, kò san vi Béliace Clébert te transfere nan yon mòg prive nan komin Jan Rabèl.

Nan moman n ap pale la, panik ak laperèz achte nanm popilasyon jan rabelyènn nan lajan kontan. Yo pa konnen aki kriye ou aki ale, pwiske yo pa konnen ki lòt aksyon bandi sa yo gen dèyè tèt; anplis, se pa premye fwa zak kriminèl sa yo arive pwodui nan komen Jan Rabèl kap mande ranfò bò kote direksyon depatmantal Polis Nòdwès la, notamman Komisè divizyonè, Monès Auguste yon mannyè pou yo ka rive delivre moso sekirite bay popilasyon an e ansuit rive mete men nan kòlèt sangwen yo.

Saint Jean Wiskis, Rept.



Comments are closed.