Aktivite 7,1 magnitid latè tranble atravè nan plizyè depatman peyi Dayiti

1,335

08/14/2021

Podpè______(TRiboLAND) Yon gwo vant panik soufle nan metwopòl Sid peyi Dayiti maten an jodi samdi 14 out 2021 an apwè yon aktivite gwoudou gwoudou sekwe latèt opye plizyè rejyon nan peyi Dayiti, patikilyèman Okay.

Aktivite latè tranble a kreye sakad yo nan lè 8 : 00 maten an; anpil moun te pran panik e leve kouri mete tèt yo deyò yon fason pou pare sekous. Menm aktivite sismik yo a te obsève nan zòn Kap Ayisyen, Pòdpè ak plizyè lòt vil atravè peyi Dayiti, pami yo, vil Okay ta sanble fwape latèt opye e pran pi gwo gagann yo. Dega yon konsiderab!

Sepandan, otorite sivil yo ap fè bwàs pou chèche bay plis detay sou dega deran byen pwès yo ki deja bay anpil dlo nan je. (20+) Facebook Live | Facebook

Alòske episant lan localize plis nan zòn Sid peyi Dayiti avèk yon magnitid 7.1 sou echèl Richter a.

Nap sinyale Repiblik dominikèn resevwà anpil gwo sakad gwoudou gwoudou egalman. Me nan kèk dega zòn Sid la.

Comments are closed.