Kòdonatè IDETTE la, Gérard Guillaume poze pwoblèm lamanjay pou prizonye yo nan prizon sivil Jeremi an.

511
0
Share:
TRiboLAND

03 – 25 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Kòdonatè depatmantal inityativ kont trèt ak trafik timoun yo (IDETTE), mande minis jistis lan ak direktè jeneral administrasyon penitansye yo, pou panche sou pwoblèm detni yo nan prizon sivil Jeremi an. Pa gen nouriti ase nan espas kaseral yo; alòske prizonye yo ap fè fas ak malnitrisyon ak yon latriye lòt maladi.

Responsab IDETTE lan, ale pi lwen pou fè konen se yon vyolasyon grav bò kote LETA ayiisyen ki pa respekte dwa prizonye yo e ki pa genyen akse ak tout sa yon prizonye ta dwe genyen pandan yo pa anlibète. Pou responsab la, prizon ta dwe yon sant reensèsyon sosyal.

Share:

Leave a reply