Ajan PNH yo vide anba bal gwo koure kite ala tèt baz Doudoun nan ak divès lòt ti koure ki arive blese.

850

04 – 03 – 2024

Mòn Kabrit, Ayiti__(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Lwès peyi Dayiti vide atè jounen mèkredi 3 avril 2024 la, chèf gang baz Doudoun nan ak divès lòt ti sòlda baz la ki arive blese.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, gwo vòlò ki tonbe a se ta li menm ak tout ekip li ki ta ka achte zòn mòn Kabrit lajan kontan nan fè sikilasyon, ranmase lajan, kidnape epi touye moun pasi pala.

N ap raple’w, chak fwa gang Doudoun nan ap fwape se plizyè depatman nan peyi a ki bloke tankou, Nò, Sant, Nòdwès, Nòdès, poun site sa yo sèlman.

Nan moman n ap pale la, chèf gang Doudoun nan deja ap bay lanmen ak lisifè san konte divès lòt ti sòlda ki blese gravman grav, gras ak sipò 2 cha blende.

Comments are closed.