Asasinay Me Monferrier Dorval: DCPJ fouke Vilpique Dunès e pase anba entèwogatwa

317

09\11\2020

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Ankèt kap mennen sou asasinay batonye lòd avoka Pòtoprens la, Me Monferrier Dorval egzije Direction Centrale Judiciaire prosede ak arestasyon Vilpique Dunès yè jedi a nan Delma 75 selon komisè gouvènman Pòtoprens lan, Ducamel Gabriel ki santi’l satisfè avèk oryantasyon ankèt la ap pran nan chèche boske otè entèlèktyèl krim lan.

Enstitisyon DCPJ a pa soti pou li rale fren sou yon parèy ankèt; konsa, gen plis moun ke yo ap chèche tankou chyen fou kòm zouti enpòtan nan kad rechèch yo, daprè komisè Gabo ki fè eta de yon seri enfòmasyon sou yon sèten Alex alyas Black ke endividi ki pa idantifyàb ta touye nan Juvena yon jou aprè egzekisyon Me Dorval la.

Endis envèstigasyon yo ta konekte Alex alyas Black kòm boul pik Vilpique Dunès ki te mouri krible nan yon boutik. Enfòmasyon yo ta sanble sible endividi sa kòm youn nan presume asasen yo ki egzekite Me Dorval.

Konsa, DCPJ ap fè bwàs nan odisyone Vilpique yon fason pou konnen nan ki sikonstans ki antoure fiziyàd Black la.

Comments are closed.