Pòt Tribinal depè Pòdpè a fèmen pou pwoteste kont desizyon CSPJ pran pou Transfere, Me Maxime Dumagène sou Zile Latòti.

242

02/25/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Jistisyab, fonde pouvwa, avoka militan nan bawo podpè a, mete ansanm ak kèk manm nan popilasyon an, fèmen ak kadna pòt tribinal depè Pòdpè a, jounen jedi 25 fevriye 2021 an, pou pwoteste kont desizyon CSPJ pran pou transfere e, sipleyan jij depè tribinal depè Pòdpè a, sou zile Latòti a.
Pwotestatè yo kite ankolè leve kanpe kont yon parèy desizyon. Yo sèmante 70 fwa 7 fwa pou di Me Maxime Dumagène p ap fè yon pa kita, yon pa Nago.

Dwayen Tribinal premyè Enstans Podpè a, Me Louis Yves-Marie Périclès, nou te kontakte sou Jij Maxime Dumagène, konfime efektivman li resevwa yon lèt ki mansyone transfè Me Maxime Dumagène sou zile Latòti a. Sepandan Dwayen an di li rekonèt se pa pwemye fwa otorite yo nan CSPJ pran jan desizyon sa yo paske li menm tou se yon viktim.

Fòk nou di, divès manm nan popilasyon an, fonde pouvwa, mete ansanm ak avoka yo nan bawo Pòdpè kase randevou sou beton an, demen vandredi 26 fevriye 2021 an pou fòse otorite CSPJ yo retounen sou yon parèy desizyon.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.