Dola a pa sispann pèdi plim anba goud la alòske pri pwodwi premyè nesesite yo pa fè wonn dè pòt

299

09\09\2020

Pòdpè____(TRiboLAND) Depi anviwon yon semèn abitan nan tout ra kwen Nòdwès la pa sispann fè laviwonn dede pou chanje dola blan meriken an kap pran pataswèl alòske pri pwodui premyè nesesite yo pa fè wonn dèpòt.

Yon sityasyon ki choke plizyè sitwayen nan depatman Nòdwès la ki oblije lonje dwèt sou gouvènman Moise\Jouthe la kap jwe titato nan kesyon fikse pri dola a sou mache a,ki lakòz bank yo lage nan fè rakèk atravè chanje lajan blan meriken isit nan Nòdwès.

Yon lòt bò, yon gwoup sitwayen kritike konpòtman pouvwa anplas la ki kontante’l nan enjekte lajan nan ekonomi an san panse ak konsekans yo. Pou sitwayen sa yo, li t ap enpòtan pou gouvènman an panche pito sou faktè pwodiksyon yo tankou: pwodiksyon agrikòl, atizanal e elatriye.

Antouka, li enpòtan pou konnen isit nan depatman Nòdwès la yon ti sak diri 4 mamit ap vann 520 ht, yon sak pwa 1000 ht pandan ke dola a ap chanje 1200 ht pou 100 US,1400ht /100 US,1450 ht /100 US.

Genson HYPPOLITE

gensonhyppolite8@gmail

Comments are closed.