Yon Delegasyon Pati Politik ASO (Altènativ Sosyalis) te depasaj nan Nòdwès

443

Pòdpè____(TRiboLAND) Yon delegasyon Pati Politik ASO (Altènativ Sosyalis) ki gen nan tèt li Dr Jean Enold Buteau, te efektye pandan weekend saa nan Nòdwès, yon virewon nan objektif pou l sa pran kontak ak popilasyon an answit etann bra Pati a atravè 10 komen depatman Nòdwès l

Pandan viretounen sa a, Dr Jean Henold Buteau ki te akonpanye plizyè manm direktwa pati a: Pwofesè Exantus Georges Grégor e Jean Bastien te tou pwofite rankontre laprès non sèlman sou kriz peyi a ap fè fas jounen jodi a men egalman sou demisyon anblòk Konsèy Elektoral Pwovizwa la (KEP).

Selon Alatèt ASO a, Dr Jean Enold Buteau, demisyon anblòk Konsèy Elektoral Pwovizwa a pa fè yo ni cho, ni frèt paske se mannèv Prezidan Repiblik la, msye Jovenel Moïse, pou l ka rann legitim eleksyon pikekole maskarad ki gen pou fèt anndan peyi a. Objektif la, se fè yon mannyè pou PHTK toujou kenbe pouvwa. Dr Buteau mande pou popilasyon an toujou rete mobilize kont lide Jovenel Moïse genyen pou fè yon koudeta elektoral pandan l lonje dwat li byen long sou elit politik, entèlektyèl ak ekonomis li di k lakoz depi nan lanne 2010 pou rive jous jounen jodi a se yon bann enkonpetan, yon bann imoral k ap dirije peyi dayiti.

Li enpótan pou n raple, vizit saa tou rantre nan kad sansibilizasyon moun yo sou masak 23 jwiyè 1987, nan Jan Rabèl kote 139 Ti Peyizan te pèdi lavi yo. Se yon batay ki p’ap kanpe nan wout e ki pral reprann fòs li atravè Altènativ Sosyalis ( ASO), selon Pwofesè Exantus Georges Grégor.

Saint Jean wiskis

Comments are closed.