Ansyen komisè gouvènman, Claudy Gassant touye tèt li nan Repiblik Dominikèn

911

07/31/2021

Sen Domeng______(TRiboLAND) Dapwè revelasyon Sarah Gassant ki se madanm ansyen kòmisè gouvènman, ansyen sekretè deta nan lajistis la e ansyen Alatèt ULCC, Claudy Gassant, swiside tèt li jodi samdi 31 jwiyè 2021 an nan repiblik dominikèn apwè ke li tap pwan lanm ak yon enfeksyon kovid-19.

Fas ak yon parèy sitiyasyon, Claudy te devni trè strese ak yon depwesyon tèrib, dapwè madanm li. Konsa, ta sanble nan moman yon kriz li arive pran yon kouto byen file e koupe gòjèt li lakay li nan Arroyo Hondo, nan Sen Domeng,  kote li tap viv.

Enfòmasyon yo fè eta madanm Claudy ki te anba gwo chòk ak panik, te tante rele anbulans ki te arive sou sènn nan malerezman yon èd tan apwè ke mari a te trepase.

Ke nanm Claudy Gassant repoze nan lapè e anpil rekonfò pou fanmiy li ak zanmi kòlèg ki afekte anba yon parèy dràm!

Comments are closed.