Vizit pwezidansyèl: Nòdwès tonbe anba demagoji ak pwojè kokoratize

0 612

Pòdpè___(TRiboLAND)  Pwezidan Jovenel Moise avèk yon kòtèj plis pase 20 machinn fè yon pakèt vire gade depatman Nòdwès nan weekend 28 Desanm 2019 la. Selon yon sous sekiritè, visit san zatann sa ki pa tèlman klè, antre nan kad evalye divès fason pou epole plantè yo nan zònn avwazinant site Kapwa Lamò a avèk kèk sistèm kanalizasyon idwolik abaz ponpaj sole.

Plis pase 20 machinn kouvwi ak pousyè tap kandale antre nan pòtay demeplè vil ki pat ofwi ditou yon bònn akèy. Labou santi se sa ki tap resevwa diferan visitè ki te akonpanye pwezidan Jovenel yo. Dapwè anpil chou toufe, anpil nan vizitè sa yo pat kache emosyon yo fas a yon sitiyasyon enfwa imènn ke yo pat jan konnen ki egziste sou tèritwa Ayiti a. Labou santi, ruyèl enkonbwe ak pil fatra, konchon kap pran lèz kò yo anba odè charonj vil la, se pi gwo punisyon kòdwon sekirite pwezidan an te kapab andure pandan toune a.

Youn pami pwojè imilyan sistèm ponpaj solè pwezidan Jovenel Moise nan Nòdwès
 

 Chèf deta ki genyen pwemye pwisans nan monn lan kòm alye, te arive ale Lakoup, Dewoulen, ak plizyè lòt zònn avwazinant nan kad evalyasyon divès basen vèsan ki inonde vil Pòtpè chak fwa gen farinay lapli. Toune pwezidan an ki plis sanble ak yon toune ki alafwa nostaljik ou san santiman, te kontinye ap pase Nòdwès anba plis betiz. Konsa, li ta pral yon lòt chòk pou moun lòske pwezidan te pwosede avèk inogirasyon yon ponp idwolik.  Se yon lòt kalòt moral pou site Kapwa Lamò a ak pou Ayiti ki desann nan nivo sa.

Inogirasyon “Ponp idwolik,” se nan nivo kokoratize sa ke nou rive nan Nòdwès! Se sa yon alye tankou Ayiti merite; se sa Taiwan wè nou merite nan Nòdwès? Se pou kalite dram sa yo ki fè nou gen gwo zanmi entènasyonal sa yo? Jis kilè nap aprann pa inogire fatra nan yon depatman ki deja gen fatra, san lidè, san leta, san dlo, san elektrisite, san lopital, san enplwa, san sekirite ekonomik e ki pa sispann pran imilyasyon nan men pwòp pitit kriminèl li ki kontinye kenbe l an agoni. Nan sans sa, Nòdwès te vote bannan nan nèt al kole, malerezman menm kochon ak kabwit yo kap sikile nan vil la pa menm jwenn po bannann nan.

Antouka, pande ke kòtej pwezidansyèl la ap kontinye fè chemen l nan Mòl Sen Nikola, nap di fòs sekirite ak tout ofisyèl leta yo bon vini nan Nòdwès, depatman santi bon Jovenel ak Martine Moise la, supèb tèritwa elu ofisyèl Nòdwès yo ki toujou fè anpil gwo efò pou makiye site Kapwa a ak richès ke yap anpile chak jou Bondye mete.

Leave A Reply