Latòti: Fèt Nativite ane sa pase inapèsi

274

09\09\2020

Latòti____(TRiboLAND) Kom chak ane, 8 septanm se fèt patronal komen Latòti. Men se avèk anpil etonnman moun rive asiste fèt la ane a.

Avèk absans preske total la meri nan komen nan, pa genyen oken nan otorite minisipal yo ou te ka remake diran joune lendi a ki se vèy fèt la.

Fason moun regade lokal ki loje biwo mesye dam meri a, ou ta di se kote moun mouri; tout pot fèmen, pa gen menm yon balèn ki limen vwa pou ta jwenn yon troubadou kap simen yayàd. Ajoute a sa, dènye nofwaj bato Anselita a, kreye anpil lapenn ak bouch pa gou!

Kòm yon abitye, eske sa ta vle di ministe Enteryè pat bay anyen kòm li abitye bay ki koz mesye dàm yo pa regle anyen; yon parèy kesyon kapab pran anpil tan pou reponn.

Yiasainthe, Frisnerl

Comments are closed.