Fon Nasyonal Edikasyon ap finanse reparasyon 11 lekòl nan Nòdwès

Nòdwès, Ayiti ____(TRiboLAND) Pou pare pou ouvèti ane akademik 2025-2026 lan, Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) mete disponib yon sòm 21 555 000 goud pou repare 11 lekòl piblik nan depatman Nòdwès la.
Nan lis lekòl ki pral jwen benediksyon yon parèy pwojè, nou jwenn: Lise Tertullien Guilbaud, Lekòl Nasyonal de Mawouj, Lekòl Nasyonal Nan Deloibier, Lekòl Nasyonal Amelia Jean Baptiste ak plizyè lòt enstitisyon edikatif ki gaye nan depatman Nòdwès la.
Daprè responsab FNE yo, lajan sa dwe sèvi selon destinasyon li. Yo mete aksan sou sa, se pou raple responsab lekòl yo ke nenpòt move itilizasyon oswa tantativ detounman fon yo, non yo ap voye bay ULCC, enstitisyon leta ki gen misyon konbat koripsyon nan peyi a.
Responsab yo anonse tou pwojè a ap kontinye, epi lòt lekòl nan depatman Nòdwès la ap antre nan pwogram nan nan pwochen faz yo.
Nap sinyale, depi anonsman yon parèy pwojè, anpil fèy zòrèy yon latriye responsab lekòl gentan kanpe e ap chofe jarèt nan anbyans banbile ak kòripsyon. FNE, se magogo lajan ke otorite ayisyen yo arive pran soukòb transfè sitwayen ayisyen kap viv deyò peyi a.
Itilizasyon yon parèy fon, pa janm klè nan fason Leta ap bwase magogo sila ke yo pran san konsantman dyaspora a, ki souvan lonje dwàt sou tout gouvènman ki pase yo ke yo kwè ki gagote pandan elèv kontinye ap chita sou wòch anba pyebwà nan peyi Dayiti.






