Markender Fils-Aimé, ta sanble se youn nan presume makanda nan asasinay Me Monferrier Dorval la

452

09\07\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) Non Markender Fils-Aimé pa nouvo pou anpil moun nan dènye 24 èd tan sa yo nan peyi Dayiti. Konsa, anpil nyaj ki tap paweze sou enplikasyon jèn gason sa nan asasinay Me Monferrier Dorval kòmanse ap eklèsi syèl konpreansyon tout moun ki pa sispan mande jistis pou batonye a.

Selon Scoop FM, yon Radyo trè popilè nan kapital la, krim nan ta sanble yon mak fabrik PHTK. Yon sous ki anba vant ankèt DCPJ yo ta revele ke se yon aktivis pati Tèt Kale a ki danse kole ak Ministè Enteryè. Dapwè Scoop FM, Markender ta genyen an posesyon’l SIM kat telefòn Me Dorval la. Konsa, ta sanble li te vann yon dàm telefòn defen an.

Responsab DCPJ yo pat pran tan pou lokalize telefòn nan; yo debake brit sou kou devan fi a e prosede ak arestasyon’l. Konsa, Markender ki ta sanble deja responsab divès krim pami yo yon chofè taxi moto ke li te tire devan anpil moun ki rele Jean Daniel, anba gro envèstigasyon ak entèwogatwa yon fason pou ankèt yo kapab rabouti sou otè entèlèktyèl krim krapile sa ki revòlte konsyans nasyon ayisyèn nan.

Markender ki se chofè yon lòt sispèk gagèman ki rele Vil Pik ou Jah, yon evantyèl depute pou Petyonvil anba lobedyans PHTK, genyen anba dèyè’l yon Toyota Land Cruiser nwa ki imatrikile A07240 ki ta sanble enplike nan yon krèy zak kidnapping.

Antouka, ke Lajistis kontinye pran ba direksyon ankèt yo e ke fwa sa pa dwe genyen kout fil bò kote Gran Toryan ki pou enflyanse ou pase anba pye travay jistis la.

Comments are closed.