Konpayi General Electric antre 2 gro manman penba tubin pou elektrisite nan Kafou

295

12\16\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan kàd program elektrisite 24/24 presidan Jovenel Moise la, enjenyè Joaséus Nader ki se minis travay piblik ak transpò e kominikasyon resevwa jodi mèkredi 16 desanm nan nan 2 gro tubin nan komin Kafou.

Tubin sa yo ki genyen yon kapasite 60 megawàt pràl mete yon diplis sou 90 megawàt ke EDH te deja ap, daprè enjenyè Joaséus ki konfime livrezon ekipman sa yo ki fèt nan kàd kontra kouran enèji ki te sinye ant gouvènman ayisyen ak konpayi General Electric pou remanbre elektrisite atravè peyi a.

Antouka, sa se trokèt la, men chaj la dèyè! Selon enjenyè a, Ayiti an jeneral bezwen plis pase 400 megawàt kouran pou bay peyi a kouran.

Comments are closed.