Plizyè dizèn sitwayèn ak sitwayen, foule beton an pasifikman nan komin Twoudinò pou denonse konpayi elektrik NRECA ak ANARSE

899

06-26-2023

Twou-Dinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Sou inisyativ Kowalisyon Mouvman Konsomatè Kouran nan 5 komin nan depatman Nòdès la, ak depatman Nò, plizyè dizèn moun mache nan divès ri nan komin Twou-Dinò nan dat dimanch 25 jen 2023 a, nan objèktif pou denonse konpayi elektrik NRECA ki trouve’l nan pak endistriyèl Karakòl la. Konpayi elektrik NRECA ki alimante komin Karakòl, yo di ki pran plezi nan monte pri kilowat kouran an jan li vle. Konpayi elektrik NRECA alimante : Komin Twoudinò, Tèryerouj, Sent Sizann nan depatman Nòdès la ak komin Limonad nan depatman Nò peyi a.

Manifestan yo ki te lanse anpil pawòl piman bouk sou konpayi NRECA yo di kap kase kou malere nan 5 komin nou sòt site la yo, kote se chak jou pri kilowat kouran yo ap ogmante san ke responsab yo pa founi okenn enfòmasyon ak popilasyon an ki se konsomatè final la.

Nan sans sa a, yo denonse tou montan ki nan bòdwo yo anpil fwa ki pa koresponn ak sa ki nan kontè yo, konsomatè yo denonse pri kilowat kouran an ki pase jodi a karant nèf (49) goud, kote yo di anpil nan yo pap travay mete sou lavi chè a.

Youn manm Kowalisyon Mouvman Konsomatè Kouran nan 5 komin yo kise Karakòl, Twoudinò, Tèryerouj, Sent Sizann ak Limonad, ki te pran la pawòl nan kad mach pasifik sila, deklare popilasyon an pa kapab ankò, fòk NRECA desann pri kouran an, revize bòdwo yo. Li fè konnen, popilasyon an paka ap peye ekleraj piblik pandan ke yo nan fè nwa, li di popilasyon an paka sipòte pri kouran. Li endekse responsab ANARSE kise Otorite Nasyonal pou Regilarizasyon Sektè Enèji a ki aksepte NRECA monte pri kouran an.

Pou konbat ogmantasyon sèvis yo, manm kowalisyon an, mande responsab yo di yon mo nan sityasyon difisil sila, paske konsomatè yo nan 5 komin nou sòt site la yo ap sibi anba men NRECA, KMK ki di yo pap bay vag. Yo anonse nan jou kap vini la yo, yo pral some konpayi elektrik NRECA daprè sa yo di, fòk NRECA peye taks, epi mande responsab yo nan ANARSE pou bay popilasyon an eksplikasyon pou ki rezon yo aksepte NRECA monte pri kouran an nan nivo sa, pandan yo fè kon nen yo pa gen okenn lòt avantaj yo jwenn nan konpayi elektrik ki pote non, NRECA a.

Comments are closed.