Group gang “G9” ak “Chyen mechan” mete Butte Boyer tèt anba jodi a: yon moun mouri ak plizyè lòt blese anba bal

297

09\05\2020

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Tèrib atak gang ame nan zòn Croix-des- Missions ak Butte Boyer, nan komen Tabarre maten jodi samdi 5 septanm 2020 an.

Selon temwanyàj plizyè residan, yon krèy manb G9 en famille et alliés ki gen konplisite yon lòt group gang ki rele “chyen mechan” te abiye an nwa ak gro zam fann fwa abò plizyè machen; yo ouvwi zam sou sivil nan tout direksyon nan komen Tabarre. Se yon veritab tèrè, daprè revelasyon kèk sous kominotè ki konfime ke te deja gen rumè ke G9 te gen pou debake nan zòn Butte Boyer depi kèk jou.

Gro panik ak rafal kout zam, paralyze tout aktivite nan lokalite a. Sa ki deyò pat kapab antre lakay yo, alòske sa ki anndan oblije mete yo plis akouvè pou evite yo viktim. Residan yo lanse plizyè kri detrès bò kote otorite polisyè yo pou sekoure yo, sepandan ta sanble efò yo te nad marinad. Kidonk, yon pòv malere arive mouri tout pre tribinal depè Croix-des-Missions an san konte ak divès lòt malere ki blese.

Ankò, se yon lòt atak nan yon lòt lokalite ki ta sanble pote anpwent kriminalite G9 ki se alye pouvwa Jovenel Moise la ki te menase lage FADH nan dengonn rezo sangwen yo ki gen alatèt li Jimmy Cherisier ki gentan fè anpil san koule anba je swadizan otorite yo.

Comments are closed.