Pwotestan pwoteste kont ensekirite nan Sen Lwi Dinò

288

08\31\2020

Sen lwi Dinò_____(TRiboLAND) Nan vil Senlwidinò, sektè pwotestan te pran lari a yè aprèmidi pou di non ak ensekirite a kap taye banda depi kèk jou nan vil sila.

Sou inisyativ Ligue des Pasteurs de St Louis du Nord, plizyè santèn fidèl legliz pwotestan te foule beton an pandan yo tap denonse nèg ak zam kap volè, dechepiye, vyole fanm ak jenn ti fi devan zye paran yo.

Manifestan yo pat manke voye flèch sou jij Eden Lubin, Johny Cerizier, majista Gaston Estima, responsab sou commisarya vil la ki, daprè yo, pa fè anyen osinon ki ta nan tete lang ak bandi sangwen yo. Pwotestatè rive menm jiska mande otorite yo demisyone si yo pa ka asire sekirite popilazyon an.

Nan reyaksyon nan bò lari a, pèp la pa bliye denonse egalman komisè gouvelman Pòdpè a, Mèt Jean Volney Belamin yo akize kom moun ki pran plezi libere bandi yo pou lajan lè lapolis arete yo.

Mach sa ki te soti Rivyè Pa pou desan devan simitye a, t’al bout san ensidan sou plas piblik la avèk prezidan lig pastè a, Pastè Exorphe André ak Pastè Henfy Dolciné ki te delivre mesaj djanm bay fidèl yo.

Lesly Eliodor Joseph, Sen Lwi Dinò



Comments are closed.