Lanmò pase nan sèktè edikatif lan nan Grandans.

60
0
Share:
TRiboLAND

05 – 29 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Jean Divers, pwofésè karyè e ansyen direktè lise Nò Aleksi, prefè sou gouvènman Emil Jonassaint. fondatè kolèj Etzer Villaire nan vil jeremi, ansyen kandida pou pòs senatè Grandans anba banyè òganizasyon pèp kap lite (OPL), mouri nan rezidans Bòd, lokalite 8èm seksyon kominal Jeremi, Fon Wouj Dayè.

Pou anpil moun nan sosyete Jeremyènn-Grandanslèz lan ki konnen byen pwofesè Divers, fè konnen se te yon pèsonaj respektye, entèg, dinamik, yon entèlektyèl ki make sosyete a sou diferan fòm yon fason pozitif.

Finalman temwayaj yon bon pati sosyete a, konfime a klè kòman depatman Grandans lan, vil Jeremi preske chak jou ap pèdi moun ki genyen konpetans ki fè Jeremi sal reprezante nan listwa l kòm site Etzer Villaire, Emil Roumer, Jean Brière, ansyen prezidan Daniel Finiolé pou’n site sa yo sèlman; moun sila yo ankouraje jenès la valorize ak pwomote sèvis ak aksyon pozitif grandèt yo, nan kad konsève fyète Jeremi-Grandans.

Share:

Leave a reply