Bibliyotèk minisipal Shervens Joseph : Apèl pou Patisipasyon Kolektif nan Devlopman Pòdepè

113
0
Share:
TRiboLAND

07/03/2026

Depi mwen enstale nan Mèri Pòdepè a tout apwòch mwen yo toujou chita sou yon konsèp ki se GOUVÈNANS KOMINOTÈ. Mwen konnen byen kisa m vle di, mwen konprann byen epi byen konsyan pou chanjman ak nouvo pwojè opere nan komin Pòdepè a fòk tout sitwayen mete men ansanm pou bonè kolektivite a.

Mwen te konn toujou vini isit la chak fwa m ap pran yon inisyativ kolektif nan non kominote a pou m vin mande nou sipò sou tout fòm, kit se nan apresyasyon pozitif, kit se nan ankourajman epi konsèy, kit se nan sipò materyèl ak finansyè elatriye.

Toujou nan menm lojik GOUVÈNANS KOMINOTÈ a m ap lonje 2 men m bannou sou non komin Pòdepè a pou nou reyalize kèk pwojè komisyon Minisipal la genyen. Premye sa m ap prezante nou se “Bibliothèque municipale Shervens Joseph” k ap sou plas Katedral Pòdepè a.

Travay amenajman espas la dwe kòmanse demen samdi a, Lamèri Pòdepè deja fè premye pa a nan achte materyèl pou mete seramik anndan an.
Mwen menm Jamesky Jeanty sitwayen angaje, operatè kiltirèl epi Majistra komin Pòdepè a mande nou chak kontribisyon nou pou rèv sa reyalize tout bon vre fwa sa.

Mesaj sa se yon siyal pou m di nou gen nesesite pou nou tout mete men nan pat la pou n ride komin nou an nou renmen anpil la. Mete yon bibliyotèk Minisipal nan yon komin tankou Pòdepè se yon zouti koyezyon sosyal pou plizyè jenerasyon k ap vini. Li enpòtan anpil pou nou kontinye reve: reve ak grandè, reve sa ki laj, reve sa ki pozitif, reve sa k ap itil epi ki gen dirabilite pou denmen.

Kisa w ka bay ?
Kisa w vle bay ?
N ap tann kontribisyon pa w la ak tout transparans n ap tounen vin di sa w te pote nan pwojè sa.

DEPI W LA OU DWE ITIL! PÒDEPÈ DWE VERITAB GAYAN AN!

Share:

Leave a reply