Kriz Dlo Ap Frape Kominote Gola: Apèl Ijan pou Entèvansyon DINEPA ak Sante Piblik

12/17/2025
Gola, Ayiti _____(TRiboLAND) Kominote Gola, yon zòn ki chita ant Lakwa ak Pòdpe, ap travèse yon gwo kriz dlo ki pa gen parèy. Nan kad yon vizit Radio Marconi FM ansanm ak TriboLAND te fè jounen mèkredi 17 desanm 2025 la, Pastè Saint Aubin, manm òganizasyon Gola an Aksyon, leve vwa li pou denonse pwoblèm grav sa a k ap ravaje lavi popilasyon an, sitou lè nou konnen enpòtans dlo nan sante ak byennèt moun.
Daprè deklarasyon Pastè Saint Aubin, lè lapli pa tonbe, sous natirèl yo ki te konn bay dlo nan zòn nan vin prèske seche. Pami sous sa yo, li site Lalman, Nan Figye ak Nan Louka, kote popilasyon an oblije fouye nan “triche” pou jwenn yon ti dlo. Souvan dlo sa a pa pwòp ditou, sa ki mete moun yo an danje epi favorize aparisyon plizyè maladi.
Fas ak sitiyasyon sa a, nan mwa desanm lan, òganizasyon Gola an Aksyon lanse yon inisyativ pou netwaye prensipal sous dlo yo. Aktivite sa a, daprè responsab yo, gen pou fèt chak twa (3) mwa, nan objektif pou pwoteje sous yo, amelyore kalite dlo a epi rann yo pi itil pou kominote a sou yon baz dirab.
Nan menm moman an, popilasyon Gola lanse yon apèl ijan bay DINEPA ak Ministè Sante Piblik, pou yo monte nan zòn nan, evalye sitiyasyon an epi bay sipò ki nesesè a, yon fason pou ede kominote a jwenn aksè ak dlo potab epi diminye risk maladi ki lye ak konsomasyon dlo sal.






