Peyizan nan lokalite Ogistin lage degidon nan koupe pye bwa pou fè chabon

227

08/30/2020

Pòs Metye, Pòdpè____(TRiboLAND) Peyizan nan lokalite Ogistin, zòn Pòs Metye, komin Pòdpè santi yo ozabwa akòz lapli ki pa tonbe, pa gen jaden, lavi chè, grangou tout kalite oblije yo tonbe nan koupe pye bwa pou fè chabon.

Koupe pye bwa e fè chabon, se fè divè pou rezidan yo nan zòn Fawès la. Konsa, se inik aktivite peyizan nan zòn sila. Yon konpòtman ekolojisid ki montre ke non sèlman leta pa egziste men tou ki gen gwo konsekans anviwonmantal nan zòn Fawès la notamman nan lokalite Ogistin.

Dapwè divès sitwayen kap viv nan Ogistin, bezwen yo anpil e yo konplètman pèdi lespwa. Konsa, rezidan yo soupliye mouche leta non sèlman entrodwi prese prese yon politik sekirite sosyal kap pèmèt yo reponn an pati ak divès pwoblèm sosyal ak ekonomik yap fè fas, men tou yon politik rebwazman kap pèmèt yo rebwaze tè yo konsa lespwa kapab boujounen.

Fenomèn koupe pye bwa pou fè chabon achte zòn Fawès la lajan kontan. Li tèlman antre nan vi kotidyen ke li prèske difisil pou yon moun jwen yon ti pye bwa ki kanpe. E tout deriv sa yo ap pase anba je moun ki fè tèt yo pase pou leta nan depatman Nòdwès la ki deja tèt koupe ak yon dezè nan Sayèl la.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.