Federasyon Protestant Dayiti: Nòt pou Laprès sou lòbèy Pastè Armel Lafleur a

Federasyon Protestan Dayiti, ki se ògan Reprezantasyon Kil Refòme yo, eksprime endinyasyon yo sou lòbèy ki genyen nan legliz ki fè pati kominote protestant lan anba lobedyans Pastè Amrmel Lafleur ki sal yon lòt fwa ankò imaj legliz atravè yon zak imoral, san pidè, san dinyite, ak abi dwa moun.
Federasyon kondane ak tout fòs li kalite pratik sa yo ki repiyan e yo depaman ak sa mesaj Levanjil la ap preche. Li rekonèt egalman ke konpòtman Pastè Armel Lafleur a pa kadre ak tit ke li pote a. Konsa, Federasyon an reyalize ke pèsonaj la gen nesesite pou wè yon sikològ prese prese pou ba li swen nesesè.
Kidonk, Federasyon Protestan Dayiti, mande Ministè Kil pou pran yon parèy dosye an men san pèdi tan e trase yon ekzanp selon jan lalwa mande sa. E li swete vye konpòtman kabrit sa yo pa repete nan sosyete a ankò, daprè yon nòt pou laprès ke responsab protestan yo mete deyò sou videyo Pastè Armel Lafleur kap voye flè sou rezo sosyàl yo.






