Nòdwès Krim: yon kò san tèt dekouvwi nan Bwa Pikan, Polen-Lakòn

296

08/29/2020

Polen-Lakòn___(TRiboLAND) Yon endividi pèson poko ka rive idantifye fè vwèl nan peyi San Chapo nan zòn Bwa Pikan, 6èm seksyon Polen-Lakòn komen Pòdpè.

Kouche anlè sou do, san tèt ap benyen nan san. Endividi sa ki ta sanble yon jènn flannè, te genyen yon jean ble sou li, yon tenis mak konnvès ak yon mayo aparaman blan ki totalman defigire ak san.

Daprè sa plizye sitwayen kap viv nan zòn dram nan rapòte bay TRiboLAND, kadav la ta genyen plis pase 8 èd tan blayi devan wout nasyonal ki relye Pòdpè-Jan Rabèl la ni lapolis, ni proteksyon sivil e ni la jistis poko janm prosede ak konsta legal kò san tèt la.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.