Gwo seremoni vodou òganize nan peyi Benen pou mande jistis pou George Floyd (videyo)

477

Kontrèman ak divès lòt peyi, Benen pa sèlman poto patisipasyon li nan aktivite manifestasyon pou mande jistis pou George Floyd, men yo fè apèl a Gran Toryan Vodou a pou vanje nanm defen an.

Wagadougou___(TRiboLAND) Peyi Benen ki te yon fwa rele Daome ap entèsede pou George Floyd ki mouri nan Mineapolis nan peyi Etazini jwenn jistis. Afwo-ameriken an te mouri anba vyolans polisyè patikilyèman anba pwesyon jenou yon ofisye blan, Derek Chauvin, 24 me 2020 an.

Apwè yon gwo mach ki te rate jedi pase, adèp kil vodoun yo remèt koz George la nan men Daome nan Benen atravè yon seremoni tradisyonèl. Dapwè yon videyo ke Africa united kingdom pibliye, vodou beninwa a fè apèl a lòt fòs mistik yon fason pou vanje nanm George Floyd. “Anpil gwo pawòl enkantatwa pwononse avèk dans vanjans kit e angaje adèp forè sakre wa Behanzen yo yon fason pou envoke fòs jistis divenn yo ki gen pou wè avèk “gou gbadagli” ki se dye jistis ak lagè,” dapwè sa ki esplike.

Atravè seremoni rityèl sa, adèp “gou” (dye lajistis divenn) yo antann bay nenpòt ki bagay pou yo vanje tout afwiken ki viktim anba rasism ak opwesyon blan. “Koulya, vodoun gen jenou li atè menm jan ak kriminèl etranglè pou rele fòs ki lanati yo yon fason pou vanje nanm George Floyd.”

Comments are closed.