SANKSYON NAN MEDIA TOUTKOTE, YON DESIZYON KI LEVE PLIS KESYON PASE REPONS

04/25/2026
Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Media Toutkote anonse vandredi 24 avril 2026 la yon mezi disiplinè kont youn nan jounalis li yo, Yvenert Doreste. Dapre nòt ofisyèl enstitisyon an, yo reproche li mank respè anvè siperyè li, move konpòtman ak endisiplin. Desizyon sa a, ki pa presize dire li, sanble make yon distans klè ant direksyon an ak jounalis la, e li deja ap fè anpil pale anpil nan mitan opinyon piblik la.
Bò kote pa li, Yvenert Doreste pa dakò ak mezi a. Nan yon entèvansyon li fè nan mikwo Aldaïshow Variation 509, li fè konnen li pa gen okenn entansyon sal imaj medya a, men li konsidere sanksyon an kòm rezilta yon konplo ki ta soti nan tèt direksyon an. Deklarasyon sa a vin ajoute plis tansyon nan dosye a, pandan li louvri pòt pou kesyon sou relasyon entèn nan redaksyon an.
Gen lòt enfòmasyon ki fè konnen konfli a ta gen rapò ak yon refi jounalis la pou ale fè yon repòtaj sou eta degradasyon Ri Dumarsai Estimé pandan gwo lapli yo. Sitiyasyon an vin pi konplike lè li ta deklare li gen lyen ak Mèri Pòdepè, yon bagay direksyon an di li pa t okouran. Nan yon kontèks kote popilasyon an bezwen enfòmasyon klè sou reyalite yo, kesyon yo rete poze sou wòl jounalis yo, endepandans yo ak limit angajman yo.






