Alexius Alexis akize kòm malfektè kap touye Marie Jeanne

225

Pòdpè____(TRiboLAND) Alexius Alexis se non yon peyizan kap viv nan Lakwa Sen Jozèf, twazyèm seksyon komin Pòdpè, jwen akizasyon jodi vandredi 28 out 2020 an, kòm kwa li se malfektè kap touye Marie Jeanne.

Kondui devan tribinal depè pòdpè a, yon foul moun te sòti tout kote tap mande ban nou kò kriminèl la, pou nou touye’l.

Alexius Alexis


Konparèt devan jij Paul Blanc, prezime malfektè a, Alexis ki se bòpè Marie Jeanne, sou odisyon jij la ak sou presyon fanmi malad la te oblije voye achte remèd pou fè mannèv yon mannyè pou mete dam nan sou de pye’l.

Marie Jeanne ke yo te pote sou kad te prezan nan tribinal la; malad byen mal, pèd pawòl ak kòmò pat menm konnen ki kotel ye. Alexis administre 3 ti gòjèt remèd devan jij depè a, depi sou premye gòjèt la je Jeanne louvè; dezyèm gòjèt la Jeanne leve chita; e twazyèm nan li leve kanpe. Yon demonstrasyon kite mete dwèt sou bouch anpil moun kit e vini chèche zen!.

Dapwè deklarasyon Alexis nan mikro TRiboLAND rezon ki pèmèt kel pat gentan mete dam nan sou de pyel se paske li menm kite sibi gwo zak vyolans nan m’en fanmi ak zanmi Marie Jeanne. Alexius ki li menm di Bondye mèsi e rive fè sin de lakwa lefèt ke’l pa pèdi lavi’l jounen jodia.

Sityasyon malfektè Alexius la pa’t manke kreye gro van panik atravè Site Kapwà Lamò a. Jij Paul Blanc te oblije fè apèl ak ajan IDMO yo yon mannyè pou sekirize vi prezime malfektè sila.

N.B: Alexius Alexis pou koulya twouve’l nan prizon sivil pòdpè a.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.