Batonye lòd Pari a, Me Olivier Cousi reyaji sou lanmò konfrè li, Me Monferrier Dorval

293

08/29/2020

Pari_____(TRiboLAND) Nan yon tweet ke li fè sòti, batonye Pari a, Me Olivier Cousi reyaji sou asasina batonye lòd avoka Pòtoprens la, Me Monferrier Dorval.

“Nou aprann avèk anpil kè kase ak lapenn asasina wonte sa ki fèt sou konfrè ak zanmi @Avocats_Paris yo, Me Monferrier Dorval, batonye lòd avoka nan Pòtoprens. Nou espere lumyè fèt e kondane responsab yo. Nou genyen yon panse espesyàl pou fanmiy ak zanmi ki afekte nan sikonstans sa. Li te yon gro avoka, yon juris ekstraòdinè e yon gason kouraje ki batay anpil pou yon sosyete ki jis malgre danje”, selon yon tweet batonye Pari a nan Lafrans, Me Olivier Cousi.

Me Monferrier mouri nan paking lakay li yèswa vandredi 28 out 2020 an aprè ke sangwen ame ki pa idantifyab krible’l anba bal nan Pelerin 5, nan komen Petyonvil.

Comments are closed.