Yon nouvo direktè instale nan tèt OAVCT nan Nòdwès

2,394

02/26/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon delegasyon ki sòti nan kapital la jounen mèkredi 23 fevriye 2022 a, ki genyen nan tèt li responsab resouzimèn OAVCT nan Pòtopwens, arive vè 3h nan apwè midi pwosede nan vil Pòdpè ak enstalasyon Me. Erane Saint Louis kòm nouvo direktè OAVCT nan Nòdwès.

Nan moman enstalasyon an, direktè sòtan an swete nouvo direktè bon vini ak travay pandan ke l deklare pòs sila genyen yon pòte politik ke teknik.

Yon lot bò, nouvo direktè a, Me Saint Louis fè konnen biwo rejyonal la deja ouvri pòt li ak tout kliyan endistenkteman ki bezwen sèvis ou ki konsène, biwo a ap tann yo tout. Nouvo direktè a, nan sikonstans lan mande diferan manm biwo a yon franch kolaborasyon nan lide pou rive tout bon vre akouche yon vizyon reyèl nan bwat etatik sila.


Genson HYPPOLITE

Comments are closed.