Chèf alatèt lame nijeryèn nan mouri nan yon aksidan avyon militè

400

05/22/2021

Lagos_____(TRiboLAND) Chèf Lame Nijerya, Ibrahim Attahiru ki te genyen 54 lane mouri yè vandredi 21 me 2021 an nan yon aksidan avyon lame aeryèn touprè ayeopò Kaduna nan Nòdwès peyi a.

Ibrahim Attahiru jwen lanmò li nan moman li tap ran yon visit ofisyèl nan Eta Kaduna. Video yon parèy dràm montre yon gwo tonton lafumen ki tap paweze nan syèl la nan fen aprè midi vandredi a e yon pakèt kakas aparèy militè a te epapiye nan plizyè kote nan rejyon an.

ibrahimattahiru - Twitter Search

Lyetnan Jeneral la ki apènn jwen nominasyon li nan fen mwa janvye dènye, apwè ke prezidan Muhammadu Buhari te gen difikilte pou ranplase tout wo eta majò a. Yon parèy disparisyon konstitye yo gwo kou di pou lame nijeryèn nan, sitou nan yon kontèks sekiritè kap baleye peyi nijerya.

Nap raple, akote lanmò Attahiru, genyen 11 lòt militè ki ta mouri egalman nan yon parèy dràm.

Comments are closed.