SOS: Chan aviyasyon Pòdpè an se yon danje sosyàl

224
0
Share:
TRiboLAND

08/27/2020

Pòdpè___(TRiboLAND) Depi plizyè mwa popilasyon an nan vil Pòdpè ap sibi move moman akòz chan aviyasyon an ki tounen yon inik vwa pou moun ak veyikil sikili.

Tout wout koupe, sa ki lakòz machin ak moto pa janm sispann fè kolizyon sou chan aviyasyon an.

Chan an tounen yon depotwa kote tout moun jete fatra ak divès lòt zagribay. Yon sityasyon ki vin kouwòne kòchon, labou, pousyè sou pis aterisaj sila anba je tout moun.

San dlo, nan pousyè ak labou, sitwayen kap viv nan zòn chan aviyasyon santi yo san souf akòz yo pa konn ki sen pou yo rele.

Yon sityasyon ki bay gwo tèt chaje, kote chak jou yo pa janm sispann konte aksidan moto ak machin,anba je ajan egzekitif enterimè yo nan pòdpè, Delege san konte gwo chabrak ki pa mande popilasyon an sa ‘l pote pou vann!

Genson HYPPOLITE

Share:

Leave a reply