Ratman diesel kòmanse ap sakaje sektè transpò a

285

Pòtoprens___(TRiboLAND) Anpil moun kòmanse ap panike akoz ratman diesel sou mache a ki deja ap bay sektè transpò a sakad.

Yon sitiyasyon ki deja pouse chofè ki viv de prodwi petrolye sa, mande otorite konpetan yo pou degaje yo kon mèt Jan Jak yon fason pou fasilite yo jwenn diesel la pou jwenn “tchotcho” ou “pen kotidyen” an atravè sèvis transpò a.

Anpil chofè nan sekt`e transpò a estime se jwenn mache nwa anpil gwo komèsan Gran Toryan ap fè avèk diesel la ki deja moute de 175 goud jiska 350 goud. Konse, prodwi transvèsal sa deja okazyone divès pri lòt prodwi ou sèvis moute balkon.

Comments are closed.