Théodore Beaubrun Junior nome kòm anbasadè pou strikti proteksyon sivil la

256

Pòtoprens____(TRiboLAND) Direksyon proteksyon Sivil nome jodi mèkredi 19 out la, chantè byen koni group rasin Boukman Eksperyans lan, Théodore Beaubrun Junior alyas “Lòlò” kòm anbasadè tounèf pou Proteksyon sivil., daprè responsab strikti sa ki tap depoze nan yon konferans deprès ki bay nan Petyonvil yè madi a.

Djòb Lòlò a se arive pou konvenk ou motive sitwayen ou pitit tè Desalenn yo sou danje anvironmantal kap depafini tèritwa a ki pa sispann viktim de tout yon seri katastròf natirèl.

Lòlò ki deja ap fè bras pou non sèlman pou byen jwe wòl la nan yon kontèks mizè ekstrèm, deja antrepran demach bò kote yon latriye lòt mizisyen konfrè ak konsè, yon fason pou bay jarèt a yon parèy mouvman sansibilizasyon. Nan kàd preparasyon pou evantyèl katastròf.

Comments are closed.