Elektrisite Dayiti detèmine pou pouswiv raketè kap fè wout krochi ak kouran an

321

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nouvo Direktè Jeneral EDH la, Michel Présumé deklare jodi mèkredi 19 out 2020 an ke konpayi elektrisite ke l’ap dirije a ap fè fas kare avèk anpil lakilbit nan sa ki gen pou wè ak jesyon e prodiksyon elektrisite.

Alatèt la ki te gen anpil difikilte enstale nan strikti Leta sa, lonje dwàt jouda sou yon seri moun ki nan konfyolo ak anplwayè EDH kap jwe marèl nan detoune fil elektrik konpayi a an favè lòt moun, yon pratik ke li kalifye “mèt dàm”. Présumé deja promèt pou pran wout lajis kont vagabond yo.

Yon lòt bò, li evite popilasyon veye anwo e veye anba; ede’l idantifye malfektè pirat sa yo kap finn depatcha enstitisyon an.

Comments are closed.