Sendika Polis Nasyonal Dayiti kont zak malonèt polisye yo fè sou moun yo devan Anbasad Ameriken an, pandan yap kouri pou bandi

854

07-26-2023

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan yon nòt pou Laprès SPNH-17 mete deyò, nan lannwit 25 pou leve 26 jiyè 2023; responsab yo kondane zak malonèt souflantchou ak koutche, divès polisye fè sou yon group moun kap kouri pou bandi, ki ta-l refije devan Anbasad amerikèn an madi 25 jiyè 2023. Se ak dlo nan je, kè sere pou nap konstate kijan yon inite nan Lapolis la aji jounen madi 25 jiyè 2023 a, an maryonèt ki pran nan pike kole, pike devan pou al debarase lakou Anbasad amerikèn nan ki konsidere kòm tèritwa Etazini, dapwè deklarasyon manm SPNH-17 la.

Manm SPNH-17 la pa met dlo nan bouch li, pou raple Wo Kòmandman Lapolis la, ak Responsab Anbasad, gen polisye tou bandi fè kouri kite kay yo; madanm yon bò, pitit yon lòt bò. Yo kontinye pou raple responsab PNH la, ke yo se yon bann echwe, se sak fè pèp la nan kouri, pèp la pa ka fig pou dan pouri. Prensipal misyon PNH la se pwoteje lavi ak byen moun yo.

Yo fini pou mande DG Elbé pou pran responsablite-l, olye se dèyè pèp la y’ap kouri ; pandan y’ap fè popilasyon an konnen li pa dwe chanje fòmil kap bay rezilta, ki se maryaj Polis – Popilasyon an. Polisye yo dwe sonje vrè alye yo se pèp ayisyen, se pèp la ki toujou ak yo nan move moman. Yo pa dwe kite pèsòn itilize yo kont vrè alye yo.

Comments are closed.